Call Directions

Koze9 Ayiti pap peri 🇭🇹❤️
(15)

🚨 Rudy Sanon dil prè poul parye 50 mil goud ak nepòt moun ki vle, Barcelone ap genyen Classico a avèk 3 gòl an plis Real...
10/24/2026

🚨 Rudy Sanon dil prè poul parye 50 mil goud ak nepòt moun ki vle, Barcelone ap genyen Classico a avèk 3 gòl an plis Real Madrid. 👀

Si match la fin 2-0, 3-1 moun nan genyen 😂

PSG Luis Enrique a fò tout bon 🫡
10/20/2026

PSG Luis Enrique a fò tout bon 🫡

🚨 Deklarasyon Prof Etzer Emile aprè yon ti rankont ak Ariana: « Se toujou ak anpil plezi chak lè nou rankontre pou n fè ...
10/20/2026

🚨 Deklarasyon Prof Etzer Emile aprè yon ti rankont ak Ariana: « Se toujou ak anpil plezi chak lè nou rankontre pou n fè ti pale Ariana😊. M ankouraje w nan tout inisyativ ou pran pou devlope tèt ou, fè biznis ak enpakte kominote a. « 🙌🏼

Se 2 pami pi gwo avni Peyi a 🇭🇹☺️

🚨 Mezanmi koze yo anpil, ta sanble Michaelle Durandis ta deja gen yon antant ak Leta Dominiken pou okipe Ayiti, li anons...
10/18/2026

🚨 Mezanmi koze yo anpil, ta sanble Michaelle Durandis ta deja gen yon antant ak Leta Dominiken pou okipe Ayiti, li anonse avanl mouri lap gouvène Ayiti kanmenm ! 🤯

Nan yon post sou paj Facebook li, fanm Zile a di: « Avanm mouri map gouvène Ayiti kanmenm.

Sèl sa pou nou konnen demokr@si pap ka egziste nan peyi a nan moman sa paske pèp ayisyen poko prè pou demokrasi, erè total.

Seré pòs sa. »

Nan yon kontèks kote Dominiken yo gen plan pou okipe Ayiti, anpil moun estime ke se kèk antant Michaelle ta deja gen ak Gouvènman Dominiken an ki fèl gen konfyans poul di sa, Kisa nou panse ?

🚨 Anpil enkyetid sou sijè Komisè Muscadin kòm fiti Prezidan Peyi a, John Colem Morvan fè konnen se premye fwa nan vi pal...
10/17/2026

🚨 Anpil enkyetid sou sijè Komisè Muscadin kòm fiti Prezidan Peyi a, John Colem Morvan fè konnen se premye fwa nan vi pal li wè yon nèg ki pral prezidan pou touye gang epi tout gang yo pouli...🥶

Kisa nou panse ?

🚨 TT di lap fè yon kwa sou bouch li poul pa janm mete pyel Ayiti si Pèp la vote Martelly kòm Prezidan ! 🥶« Mwen Thériel ...
10/17/2026

🚨 TT di lap fè yon kwa sou bouch li poul pa janm mete pyel Ayiti si Pèp la vote Martelly kòm Prezidan ! 🥶

« Mwen Thériel Thélus (TT) pou m ta leve yon maten, m ta wè KEP a apwouve Martelly vre epi pèp ayisyen ta dakò mete l prezidan nan figi moun ankò , m t ap fè yon kwa sou djòl mwen epi kote ki rele Ayiti a, m pa janm pase la pou jis m mouri. Fatra kore fatra. G kore G »

Konbyen moun nan Diaspora ki tap fè menm jan ak TT?

🚨Verite paka kache, Michaelle Durandis mande pou retire regim demokr@tik lan Ayiti si nou vle sove ti rès Peyi a! 👌Daprè...
10/16/2026

🚨Verite paka kache, Michaelle Durandis mande pou retire regim demokr@tik lan Ayiti si nou vle sove ti rès Peyi a! 👌

Daprè fanm Zile a, Demokrasi fèt pou pèp ki respekte chak grenn nan yo, pèp ki respekte opinyon chak grenn moun.

Yon pèp kote majorite nan yo pa gen edikasyon, youn pa respekte lòt, youn pa respekte opinyon lòt, Yon peyi menm eleksyon nou paka òganize nan lòd ak disiplin, kote gen nan nou ki pè afiche e kòmante de kandida ki pou al reprezante nou pou evite vye at@k vèbak kou fizik, yon pèp konsa pa dwe viv sou rejim demokratik sinon map kontinye efondre.

An Ayiti pa gen sak rele libète dekspresyon an🤦

Yon prezidan ki pral monte la ki panse li pral dirije Ayiti sou menm rejim demokratik lan, kòve lap fè pèp ayisyen poko prè pou sa.

Kisa nou panse de bèl opinyon sa Michaelle pataje a ?

🚨 Judes Celestin (Ajant provocateur) frape Theriel, li di TT se djòb li lap defann ak Muscadin e li pap jwenn djòb la pa...
10/16/2026

🚨 Judes Celestin (Ajant provocateur) frape Theriel, li di TT se djòb li lap defann ak Muscadin e li pap jwenn djòb la paske Muscadin pap Prezidan. 🥶

Nan yon post sou paj Facebook li, Agent provocateur a di: « Nan kanpay misye ap fè pou Miskaden an li vin tounen yon vye komedyen, yon karikati. Li gen yon dwa sakre pou li anfavè Miskaden men tout lòt moun ki opoze kandidati Miskaden c g4ng. Dyòb Miskaden pwomèt ou a ou pap janm jwenn li paske li pap janm prezidan Ayiti. Akoz ou t fè yon ti kòb sou dyaspora egare nan kolekte lajan pou blende ou panse sa ba w dwa pou met baboukèt nan dyòl moun. »

Judes kontinye poul di: « Epi sispann di moun ou c jounalis. Ou pa fè pwofesyon an jistis. Ou c jis yon vye militan ki ap chèche manje menm jan ak 98% lòt yo sou rezo a. Si w t jounalis vre ou tap enfòme e edike pèp la sou kandida w la. Ou tap bay tout lòt bagay pozitif ou panse li ap pote pou Ayiti apa de touye moun.

Monte sou rezo radote voye monte sal kò w di tout moun ki pa dakò avè w c gang pa fè w jounalis pou sa. Ou c nèg ki pi medyòk e patetik nan metye a. Menm yon ti rechèch Google ou pat k fè pou w t enfòme de la famille Saputo😂 yon timoun 5an depi li pa konprann yon bagay li monte sou entènèt fè rechèch, yon bagay ke w pa k fè.

Antouka sispann di w c jounalis. »

Eske nou panse se zafè Peyi TT ap regle vre?

🚨 Rudy Sanon lagel san filtè, li di Muscadin pa bon moun, se ansyen chofè Hervé Foucant li te ye. Se djòb sal lap vin fè...
10/13/2026

🚨 Rudy Sanon lagel san filtè, li di Muscadin pa bon moun, se ansyen chofè Hervé Foucant li te ye. Se djòb sal lap vin fè pou nèg sa yo sil ta rive Prezidan. 🥶

Rudy fè konnen, si nou bezwen wè kote Muscadin pa bon moun, gade Jounalis kap sipòtel yo. Egzanp Guerrier Henry, depi Guerrier ap sipòte yon moun li paka bon moun. Muscadin se yon PHTK degize.

Rudy mande nou kale zye nou, pwomote Muscadin kòm Prezidan se yon gwo mank de respè anvè Peyi a.

Kisa nou panse ?

🚨 John Wesley Delva raple Theriel Thelus ak Morvan se 2 gasyon yo ye, yo pa sipoze nan pas plede tire pwen, se konpòtman...
10/13/2026

🚨 John Wesley Delva raple Theriel Thelus ak Morvan se 2 gasyon yo ye, yo pa sipoze nan pas plede tire pwen, se konpòtman gason zepòl kase sa ye. 😁

Nan yon post sou paj Facebook li, John Wesley Delva mande lapè nan mitan 2 nèg yo ki toujou ap ede kominote a nan fason pa yo, li di: « Morvan/ Thériel, bon sa k ap pase nou la. Mesye nou raz anpil wi. Kòm de nèg ki te zanmi, m twouve nou raz amò. M pale nou twòp an prive pou espektak santi di n ap vann moun la. M panse m bouke ak modèl konpòtman sa yo. Si nou pa ka fè yon deba pou moun aprann de nou, kòm gason, sispann ak radòt tire pwen an, òganize yon match bòks pito. Twuips »

Daprè Jounalis la ki se zanmi tou 2 nèg yo, yon match bòks ap mye ke plede tire pwen an. 😂

Rapèl ke bif sa te kòmanse depi sou DG Normil Rameau, TT te deside kanpe anfas Rameau ki se alye Morvan
e li vin re chofe ankò nan moman sa pou kesyon Muscadin kòm fiti Prezidan Peyi a ke Morvan deside konbat avèk tout fòs.

Selon nou menm kiyès nan 2 nèg yo ki nan enterè Peyi a?
Tt batay li fè jete Rameau kòm chèf Polis.
Morvan menm kanpe anfas Muscadin ki se kandida prefere Theriel.

Address

N
Americus, GA
14609

Telephone

+12293315509

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Koze9 posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Shortcuts

Share

Nearby gyms & sports facilities