Le Ballon Rond

Le Ballon Rond Bienvenu(e) Chez Ballon Rond 🙌 Notre mission, c’est de vous accompagner au mieux à vivre intensément votre passion pour le football. ⚽️😊❤️
(12)

🚨 Football ap toujou rete yon mistè, pa gen moun ki ka konprann jwèt sa vre 😂
06/06/2026

🚨 Football ap toujou rete yon mistè, pa gen moun ki ka konprann jwèt sa vre 😂

🚨 Pou Jounalis Jean Mary Simon (JMS), deklarasyon Pepe a pa vini nan yon bon moman ! 🤌JMS fè konnen Sii Patrice te fè de...
06/06/2026

🚨 Pou Jounalis Jean Mary Simon (JMS), deklarasyon Pepe a pa vini nan yon bon moman ! 🤌

JMS fè konnen Sii Patrice te fè deklarasyon an avan yo pibliye lis definitiv la, tout moun tap panse Ii tap eseye enfliyanse lis la selon analiz li.

Men ekip la fin monte deja diskou sa yo sitou pou yon jounalis nan dimansyon Pepe pa ede kenbe serenite ak amoni gwoup la. Li pa ka fè lot bagay ke mete dife.

Kisa nou panse ?

🚨Jounalis John Wesley Delva fè konnen, Patrice Dumont se yon patrimwàn. Yon moun ki pase toutanl nan fòmasyon plizyè jen...
06/06/2026

🚨Jounalis John Wesley Delva fè konnen, Patrice Dumont se yon patrimwàn. Yon moun ki pase toutanl nan fòmasyon plizyè jenerasyon Inivèsite ak foutbolè. Se sèl moun ki inyoran, moun ki pa konn listwa kontanporen peyi a, k ap benyen nan emosyon, ki pou ap krache sou li. 👀

Jounalis la di deklarasyon Patrice sou Bellegarde la, se yon deklarasyon ki nòmal e li kwè entolerans pèt Ayisyen an rive twò lwen.

Kisa nou panse?

🚨 Danley soti nan silans li, aprè defèt seleksyon Ayisyèn nan kont Peru yè swa :« Mwen konnen pèfòmans mwen yè a pa t ri...
06/06/2026

🚨 Danley soti nan silans li, aprè defèt seleksyon Ayisyèn nan kont Peru yè swa :

« Mwen konnen pèfòmans mwen yè a pa t rive nan nivo mwen menm ak nou tout te espere. Mwen konprann desepsyon nou te santi apre match la, e mwen pran responsablite mwen pou sa.

Nan foutbòl, gen bon jou ak jou ki pi difisil, men yon bagay ki pap janm chanje se detèminasyon mwen ak angajman mwen pou m kontinye travay di chak jou pou m amelyore tet mwen epi ede ekip la reyisi.

Tanpri kontinye kwè nan ekip la. Nou tout motive, nou tande kritik yo, nou konprann fristrasyon nou, e nou pataje menm rèv la: wè Ayiti briye sou sèn entènasyonal la.🇭🇹

Nou pral aprann nan eksperyans sa a, korije sa ki bezwen korije, epi retounen pi fò pou pwochen defi yo.

Mèsi pou lanmou nou, sipò nou, ak konfyans nou. Ansanm, n ap kontinye goumen pou koulè drapo nou an. » 🇭🇹❤️🙏

Danley Jean Jacques

🚨 Anpil moun estime Theriel degaje twòp awogans lèl di «Nou respekte tout moun, men nou pa pè pèsonn.» 🥶Moun sa yo twouv...
06/06/2026

🚨 Anpil moun estime Theriel degaje twòp awogans lèl di «Nou respekte tout moun, men nou pa pè pèsonn.» 🥶

Moun sa yo twouve se yon mank de respè pou gwo EKIP yo paske Ayiti poko gen ekip la pou Theriel gentan panse nou ka jwe fas ak France, Espagne, Argentine… 👀

Kisa nou panse ?

Menm moun kap joure Patrice Dumont yo se menm yo menm kap rantre nan Manman Danley paskel Rate Aksyon 2-0 nan yon match ...
06/06/2026

Menm moun kap joure Patrice Dumont yo se menm yo menm kap rantre nan Manman Danley paskel Rate Aksyon 2-0 nan yon match Amikal preparasyon.
Finalman kiyès nou ye menm?

✍️Kimberly

🚨 Kimberly kwè ke sa Casimir fè Patrice Dumont an li pap fè yon Jounalis RMC, l'Equipe oubyen Nenpot medya anglè sa. 🤚Ki...
06/06/2026

🚨 Kimberly kwè ke sa Casimir fè Patrice Dumont an li pap fè yon Jounalis RMC, l'Equipe oubyen Nenpot medya anglè sa. 🤚

Ki opinyon nou sou dosye sa?

🚨 Map repetel ankò lè wap jwe ak advèsè ki siperyèw youn nan meyè fason pou soti ak yon rezilta pozitif se gen yon kolek...
06/06/2026

🚨 Map repetel ankò lè wap jwe ak advèsè ki siperyèw youn nan meyè fason pou soti ak yon rezilta pozitif se gen yon kolektif ki fò ki donk m swete tout jwè yo aprann de erè Danley a poul rapete anndan mondyal la ! 🇭🇹🤌

Kisa nou panse de aksyon sa?

🚨TT fè konnen li pa renmen match nou pral jwe jodi paske Peru se yon ekip ki jwe di fizikman, li pa swete pou nou gen jw...
06/05/2026

🚨TT fè konnen li pa renmen match nou pral jwe jodi paske Peru se yon ekip ki jwe di fizikman, li pa swete pou nou gen jwè blese paske fòk tout moun la nan match enpòtan nou pral jwe kont Ekòs la ! 🇭🇹💪

🚨 Ansyen Senatè, Jounalis, Patrice Dumont retounen sou deklarasyon li an, toujou avèk menm pozisyon an! 🤌Jounalis 🎙️: Se...
06/05/2026

🚨 Ansyen Senatè, Jounalis, Patrice Dumont retounen sou deklarasyon li an, toujou avèk menm pozisyon an! 🤌

Jounalis 🎙️: Senatè gen yon deklarasyon ou fè récemment ki fè anpil bri sou rezo a wi

Patrice🗣️: « Banm redil ankò mwen enkyè anpil paske mwen wè depi aprè konpetisyon nou genyen an Bellegarde pa jwe nan nivo kel te ye a, yo metel jwe li mal jwe, yo metel sou ban lèl antre li pa pote anyen. Donk mwen wè ke misye an méforme, mwen di pou misye itil nou, fòk yo jwenn fòm li. »

Jounalis 🎙️:Men eskew panse nan ekip sa gen pi bon eleman ki ka ranplasel ?

Patrice 🗣️: « Mwen padi pou yo metel oubyen pou yo pa metel non, mwen di janl ye a li pap ka rann nou sèvis lan nòmal. »

Jounalis 🎙️: Men sa konn rive gen jwè ki pa pèfòman nan klèb Men ki diferan an seleksyon ?

Patrice 🗣️: « Mwen diw ke mwen wèl an bès, kisaw vlem diw ankò? Sa ka rive kel rive li jwe byen vrèman menm diw m wèl an bès. Ou menm saw wè? Ou wèl anfòm toujou?

Moun kap pale anpil yo Patrice mande nou lè nou wè yon moun kout eske nou dil wo? 🤣 Nou menm eske nou wè Bellegarde anfòm ?

Address

N
Americus, GA
14609

Telephone

+12293315509

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Le Ballon Rond posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Share