09/08/2026
Menm ewo yo te reponn prezan pou B12, FC Dufort ak Altavela. Men fwa sa, vedèt FC Grande-Rivière la se te Frantzley Charles.
Yon ti pa anplis, men anpil sakrifis pou rive nan dènye kare a.
Soti jedi 3 rive dimanch 6 septanm nan se te ka de final yo nan pi gwo chanpyona vakans peyi a(AJSL). B12 gras ak yon gwo Gregory Saint Fleur fè yon sèl bouche ak Grangwav e avanse pou demi final yo jan nou te esplike li nan yon piblikasyon avan an. Vitamin nan ap chèche “back to back” la ak raj.
Nan vandredi 4 septanm nan, Grande-Rivière te oblije rete tann seyans tiwobi yo pou avanse. Nan match sa ki poutan te plis parèt nan avantaj Grande-Rivière, te manke chape nan men yo akoz plizyè fas a fas rate devan yon gwo Daniel Hilaire anba gòl Millien an. Sa tapral ranfòse konfyans ti mesye Bèlòk yo ki te vin ap miltipliye ofansiv yo. Se la Frantzley Charles tapral dedouble nan defans lan pou anpeche ekip li pran gòl e al genyen nan seyans lan kote li te reyisi tiwobi pa li an. Premye patisipasyon, demi final pou FC Grande Rivière ki kontinye ap reve je klè. Bat bravo pou sa.
FC Dufort ki toujou ap chèche premye tit yo nan chanpyona a te byen demare match pa li an samdi. Gras ak yon double pou Wutsen Joseph ak yon lòt gòl ansyen entènasyonal ayisyen an, Belfort Kervens Fils, yo te fini premye mitan an an penpan 3-0. Si se vre FC Bosan te reveye l nan dezyèm mitan an e enskri yon gwo gòl men sa pa t chanje anyen nan rezilta final la e FC Dufort avanse pou demi final yo.
Ble e blan yo toujou nan kous la e yo kwè ane a se ane pa yo a.
Nan dènye match ka de final yo, nou asiste yon match taktik, ekilibre ak bon jan and espektak dimanch 6 septanm nan ant JAF e Altavela. Anpil entansite, anpil disiplin taktik, anpil volonte bò kote de ekip yo. Sèl gòl match la pral rive aprè yon erè Rodson Pierre ki poutan se pi bon jwè JAF nan konpetisyon an, Steeve Mondestin pwofite pou enskri inik gòl match la. Si se vre se gòl sa ki deside match la men kalite travay Wisnadin Mondestin(toutèren) reyalize nan rankont lan te enòm. Fiksasyon li yo, apèl li yo, repli li yo epi deplasman l san balon te deranje aryè gad Jakmèl la epi chame tout tizè boul.
O final Altavela kenbe slogan l epi kontinye reve pou yon dezyèm tit nan pi gwo chanpyona vakans peyi a.
Randevou kase mèkredi 9 septanm: B12 - Grande-Rivière
Jedi 10 septanm FC Dufort - Altavela.
Se la pou w la