04/09/2026
🎧🔥 **LÈ DJ YO PRAN KONTWÒL LA, VIBE LA PA GEN LIMIT!**
Apre tout bèl moman mizik ki te deja make sware a, se te moman pou **DJ Welly, DJ Master Mix ak DJ Mazz** pran kontwòl anbyans lan. 🎶🔥
Chak DJ te vini ak pwòp fason pa yo pou mete enèji nan sware a, fè moun danse, chante, souri epi viv moman an jan li dwe ye a. De yon son pou rive nan yon lòt, mizik la t ap kontinye fè tout espas la vibran. 💥🎧
Se te youn nan pati ki te pote anpil mouvman nan premye sware festival la. Konsa, sware a pa t sèlman yon seri pèfòmans, men yon eksperyans kote mizik, amizman ak piblik la te vin fè yon sèl. 🙌🏽✨
🎧 **DJ WELLY • DJ MASTER MIX • DJ MAZZ**
Yon sèl sware. Plizyè DJ. Yon sèl gwo vibe. 🔥🎶📸