15/04/2020
:Konsèy enpòtan
Prèske nou tout fin konnen li enpòtan e menm nesesè pou n pa nan kole ak moun, pou w toujou lave men nou ak netwaye telefòn nou ak dezenfektan, handsanitizer, klowòks... Pou nou mete gan ak mask lè nou ap pran lari a, pou n evite mete men nou nan bouch, nen ak zye nou (sitou lè gan an nan men nou).
Nou tout fin konnen pi bon mwayen pou anpeche viris la pwopaje tou, se ret chita lakay nou tou.
Men si w oblije soti al travay, osnon soti al brase lavi a, gen yon bagay enpòtan pou n konnen epi aplike akote mete mask ak gan an. Yo dekouvri pa lontan la, anpil moun Ki pran prekosyon, pote kanmenm viris la lakay yo epi kontaminen moun lakay yo, answit yo menm, san yo pa konnen.
Yo dekouvri youn nan mwayen viris la antre nan anpil kay pandan moun yo pran anpil prekosyon yo, se pa soulye, sandal ak rad moun yo te mete pou yo te sòti a.
Sa m ap rekòmande nou, se retire soulye ak sandal nou te pran lari a anvan nou antre anndan kay la, kite yo deyò a, chavire yo tèt anba pou solèy ka bat yo epi touye tout mikwòb ak viris nou ranmase nan lari a, osnon sa ki t ap pi bon, se flite klowòks anba soulye ak sandal la lè n fin retire l deyò a kay la.
Apre, rad Ki te sou nou yo (pantalon, jip, mayo, kòsaj, chemiz, wòb, kaskèt, chapo, mouchwa...) retire yo depi nan papòt kay la, mete yo nan yon sachè, epi al mete yo nan machin alave a, osnon nan kivèt pou yo lave a.
Rad la temèt parèt pa sal, men li ka te pran viris la nan lari a, nan kamyonèt la, nan mache a, nan makèt la, nan famasi a... Pinga nou rantre anndan kay la ak yo. Pinga nou al mete yo ak lòt rad pou pa al kontamine lòt rad nou. Pinga nou remete rad sa yo nan nou pa lave yo avan.
Rechèch yo pwouve viris la ka rete sou rad ou pandan plizyè, plizyè èd tan.
Lè w fin retire rad ak soulye sou nou (sonje flite klowòks anba soulye ak sandal yo), al nan douch la tou swit. Fòk nou lave cheve nou, bab nou ak tout kò nou ak savon avan n al pran pa ak lòt moun Ki te rete nan kay la, osnon avan n al chita sou chèz osnon sou kabann.
Se vre ou ka pran prekosyon ak mask, gan epi w kanpe lwen tout moun, men sonje viris la ka tache anba soulye, sandal ou ak rad Ki sou ou, osnon li ka al tache nan cheve w. Paske si yon ki gen viris la epi Ki nan lari a krache atè, touse, estènen... li ka lage viris la atè a, epi ou menm ou pase ak soulye w, ak sandal ou, li ka rete anba yo, epi antre, mache anndan lakay ou avèk soulye sa, sandal sa a, epi w simayen l anndan kay la, epi menm kote a, ankenn moun nan kay la pa epanye ankò.
Si nou wè anpil moun kontinye ap trape la atravè lemonn, malgre yo pran prekosyon, malgre yo swiv prensip otorite lasante yo rekòmande yo, se paske tou, yo pat teni kont de zafè soulye, sandal, rad la ak benyen an aprè yo te fin pran lari a.
Prekosyon, pa kapon! Pataje enfòmasyon sa bay tout moun ou konnen. Konsa w ap ede plizyè zanmi, kòlèg travay, konesans pa trape viris la.
Se sèl solidarite youn ak lòt ki ka ede nou anpeche viris la anvayi peyi a.
Mèsi
Gaspard Dorélien
Jounalis, Fotograf