Jean Adrien Champion Haïtien du Power Lifting

Jean Adrien Champion Haïtien du Power Lifting Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Jean Adrien Champion Haïtien du Power Lifting, Sports et loisirs, #208, Rue magasin de l'état, Ville de Port-au-Prince.

01/11/2022

Efforce-toi de te présenter devant DIEU comme un homme éprouvé, un ouvrier qui n'a point à rougir, qui dispense droitement la parole de la vérité.
2Timothée 2:15
É.B.N.R

01/11/2022

DIEU interdit jugement, critique et méfiance; faisons de même. Aimez ce que DIEU aime et détestez ce qu'IL déteste. Permettez ce qu'IL permet et interdisez ce qu'IL interdit.
É.B.N.R

18/09/2022
26/05/2020

Bwè amwaz...🍵
Yon solisyon oswa yon lòt pwoblèm ankò❓🤔

🆗 Nou gen misyon pou'n ede kominote nou, rezon ki fè menm si nou paka pote pwojektè men nou pote lanp ti gridap pou klere chimen yo.
Pou sa, nou bay repons ak 6 kesyon ki pral pwoteje vi'w epi bay kèk enfòmasyon ki enpòtan.🔝

Kisa ki fè yo itilize amwaz la kont plizyè maladi❓

📝 Plant amwaz lan te toujou konn itilize nan peyi Chin depi plizyè syèk, men sa gen sèlman 48 lane (1972, moman gè Viètnam) depi yon ekspè (Youyou Tu) nan peyi Chin avèk kèk lòt kòlèg li te rive dekouvri yon eleman ki rele "atemisinin" (Artémisinine) ki nan plant amwaz lan, ki genyen kapasite pou fè fas ak maladi ki rele Malarya. Menm gwoup chèchè sa yo ta pral kontinye demontre kapasite *atemisinin* lan genyen poul aji sou plizyè parazit (tankou plamodium falciparum ki bay fyèv malarya) bakteri (tankou Escherichia Coli), viris (tankou Herpes ak hepatite B) elatriye.
Dekouvèt sa reprezante youn nan pi gwo avanse ki fèt nan lit kap mennen kont fyèv malarya epi te pèmet ekspè chinwa ki rele "Youyou Tu" a te leve yon gwo prim nan lane 2015 . Se depi moman sa anpil rechèch kòmanse ap fèt sou amwaz la jis etid sa yo vin demontre depi prensip aktif (Artémisinine) ki nan plant sa BYEN ITILIZE li kapab konbat anpil pwoblèm sante.

Nan ki lòt pwoblèm sante yo itilize atemisinin nan❓

📝 Plizyè etid ki fèt sou prensip aktif ki soti nan amwaz la, sa nou rele atemisinin nan, fè konnen nan fason ou tilize'l, li kapab jwe yon wòl anti enflamatwa, diretik, antiseptik oswa medikaman pou ki dilye san (anticoagulant) rezon ki fè yo itilize li nan kèk pwoblèm sante tankou:
LUPUS, Atwoz (arthrose) , esklewoz (Sclérose en plaque), doulè règ, epi yo itilize li tou nan ka
Fanm ki genyen kek difikilte lè yo antre nan menopoz (bouke, swe anpil, toujou santi chalè)
Moun ki soufri maladi kansè.

Eske se vre amwaz la kapab geri kowonaviris❓

📝 Apre deklarasyon prezidan (S.E.M. Andry) peyi Madagaska (22/04/2020) ki te fè konnen enstitisyon nan peyi Madagaska ki la pou fè rechèch rive jwenn yon remèd (Covid Organics) ki kapab trete maladi kowonaviris la, anpil kote nan mond lan moun deside bwè te plant ki rele amwaz la.
Mesye Andry Nirina Rojoelina te fè konnen remèd peyi'l, Madagaska, itilize a genyen amwaz ladan'l, men se pa sèlman amwaz ki nan remèd sa. Epi chèchè nan peyi Madagaska yo fè konprann remèd ki rele Covid Organics lan se yon tizann yo prepare ak plizyè plant. Sou baz sa, w'ap kapab fè yon konklizyon pou'w wè eske sèlman fè te amwaz bwè ap kapab trete maladi a.

Ki moun ki pa dwe bwè amwaz la❓

📝 Plizyè fitoterapet ki fè anpil gwo etid sou pwopriyete plant sa ki rele amwaz la, fè anpil rekòmandasyon nan fason moun dwe oswa pa dwe itilize plant sa. Daprè ekspè sa yo, genyen plizyè gwoup moun ki pa dwe konsome pwodwi ki gen atemisinin ladan yo, sa vle di pwodwi ki fèt ak amwaz.
Moun sa yo se:
Fanm ki ansent ak fanm kap bay timoun tete.
Timoun ki poko genyen 12 lane.
Moun ki gen pwoblèm maladi nan ren.
Moun ki gen pwoblèm nan fwa.
Moun ki gen pwoblèm estoma tankou asid, ilsè elatriye.
Moun k'ap bwè medikaman anti enflamatwa (diklofenak, ibipwofèn, dipiwòn, prednizòn, napwoksen, aspirin elatriye)
Moun k'ap bwè medikaman pou dilye san yo ("anticoagulant" tankou Warfarine, héparines elatriye)

Ki pwoblèm amwaz la kapab bay si'w itilize'l twòp oswa mal itilize'l❓

1.📌 Genyen plizyè kalite amwaz, yo tout pa gen menm prensip aktif, sa vle di tout amwaz yo pa bay menm rezilta. Gen kèk kalite amwaz ki genyen anpil "tiyòn" (thuyone) ki se yon pwodwi toksik (pwazon) sitou pou sévo nou (neurotoxine - alpha thuyone) lè'w konsome li twòp li kapab koz moun nan toudi, li soule, lap depale, li vin vyolan oswa ap konvilsyone.. sitou siw al bwè absent nan plas amwaz la. Yo sanble anpil.

2.📌 Sonje byen nou te di'w etid ki fèt sou amwaz lan pwouve li se yon anti enflamatwa epi antikwagilan ki pwisan anpil, pou rezon sa depi'w konsome li anpil li kapab ba'w pwoblèm nan estoma (iritasyon) sa ki kapab koz ou rive ap krache san oswa li fè'w vomi san.

3.📌 Lòt rezon ki fè ou pa dwe itilize amwaz la twò souvan se paske, eleman ki rele atemisinin ki nan amwaz la yo itilize'l ak kèk lòt medikaman pou trete malarya, youn nan maladi ki andemik nan peyi nou. Men etid yo demontre lèw itilize amwaz la sèlman, li pa bay gwo efè vre kont maladi sa, epi li fè parazit ki bay maladi an vin abitye ak remèd la, sa ki koz si yon jou ou vin genyen malarya pa gen mwayen pou'w trete, sonje byen, malarya tiye anpil moun chak ane nan mond lan lè yo pa jwenn trètman.

Koman yon moun dwe itilize amwaz la❓

⚠️ Si'w deside itilize amwaz la, mete nan tèt ou li pwisan anpil, fitoterapet nou konsilte pou ekri atik sa ( Dr. Alfredo Miguel Izquierdo) ansanm ak Dr. Rinja M.(yon medsen peyi Madagaska) fè nou konpran'n :
Lè'w mete amwaz la bouyi ou detri eleman ki plis enpòtan andan'l yo, paske pwensip aktif li yo pa aksepte twòp chalè, rezon ki fè pi souvan se tizann yo prepare avek li (malgre li gen lòt pweparasyon). Pwofesyonèl sa yo kontinye pou fè nou konpran'n fason pou'w konsome amwaz la depann de ki efè wap chèche. Men si'w paka mezire kantite gram wap konsome a ou pa sipoze bwè amwaz la plis pase 2 fwa nan yon jounen epi'w sipoze bwè'l chak 2 oswa 3 jou. (San'w pa depase 2 semèn).
Anpil fitoterapet konseye bwè tizann amwaz la 30 minit avan'w manje oswa 2 èd tan lè'w fin manje.

Pa bliye:🧏🏾‍♂️
Te avèk tizann (enfizyon) diferan.
Amwaz ak absent sanble men yo pa menm.
Tout remèd ou konsome twòp kapab afekte sante'w.
Pa gen anyen ki ka ranplase: lave men, chita lakay ou epi mete kachnen si'w gen ijans pou'w pran lari.

Lèw ede nou pataje teks sa, ou kontribye nan aksyon nap poze poun pwoteje sante ak lavi.

Adresse

#208, Rue Magasin De L'état
Ville De Port-au-Prince
00509

Téléphone

+50934490412

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Jean Adrien Champion Haïtien du Power Lifting publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager