11/08/2026
Grenn Pwomennen Média
Senmak, Ayiti
Imèl: [email protected]
Telefòn: 32277307/32978185
Senmak, 9 Out 2026.
Pou: Asosyasyon Près Spòtif Senmakwa (APSSM)
Pou: Gran Piblik la
Objè: Desolidarizasyon Grenn Pwomennen Média ak APSSM
Mesye/Madanm manm Komite Ekzekitif APSSM,
Chè konpatriyòt nan gran piblik la.
Nan mwa novanm 2025, Asosyasyon Près Spòtif Senmakwa (APSSM) te ekri Grenn Pwomennen Média pou mande n fè solidarite ak li. Demand sa a te vini aprè asosyasyon an te estime gen yon jounalis espòtif ki te viktim anba men yon dirijan klèb foutbòl COSMOPOLITES la. Kòm Grenn Pwomennen Média se yon medya ki kwè nan respè, diyite ak sekirite jounalis, nou te pote solidarite nou san ezite.
Sepandan, aprè nou fin byen obsève sa k ap pase a, nou konstate plizyè reyalite ki kontredi totalman lespri demach solidarite sa a:
1.-) Medya kote jounalis ki te viktim nan ap travay la te kontinye kouvri match klèb Cosmopolites la san pwoblèm.
2. Pòt pawòl asosyasyon APSSM nan, ki te siyen nan korespondans nou te resevwa a, te kontinye kouvri match klèb Cosmopolites la.
3.-) Jounalis ki te viktim nan gen trè bon relasyon pèsonèl epi foutbòl ak fondatè Cosmopolites la.
4.-) Menm asosyasyon APSSM sa a ap patisipe ak anpil fyète nan chanpyona vakans fondatè klèb Cosmopolites la ap òganize.
Grenn Pwomennen Média pa ka konprann kouman pou yon dirijan anndan yon ekip foutbòl derespekte yon jounalis nan nivo sa a, pou ekip la pa janm pran responsablite l pou l prezante eskiz fòmèl, epi pou jounalis espòtif yo espesyalman APSSM kenbe bonjan relasyon konsa ak dirijan oubyen fondatè ekip sa a.
Ki kote diyite ak valè jounalis nou yo ye? Ki mesaj n ap voye bay sosyete a ak jenerasyon k ap vini yo lè nou asepte bese tèt nou douvan moun ki derespekte nou? Aksyon sa yo blese konsyans tout moun ki kwè nan yon près respektab epi li montre yon mank respè total pou pwòp tèt pa nou ak pou pwofesyon an.
Lè nou mete tout bagay sa yo ansanm, Grenn Pwomennen Média rann li kont pa gen okenn koyerans ant kòz yo te mande n defann nan ak aksyon aktè konsène yo ap poze sou tèren an. Nou pa ka aksepte pou angajman nou sèvi kòm jwèt oswa pou regle enterè pèsonèl.
Pou rezon sa yo, ak anpil lòt nou pa di, Grenn Pwomennen Média ap enfòme APSSM ak gran piblik la, depi jodi a, li desolidarize li nèt ak angajman li te pran nan dosye sa a.
N ap kontinye defann yon près ki endepandan, serye epi ki gen diyite.
Ak tout konsiderasyon.
Emmanuel Philius
PDG, Grenn Pwomennen Média