Jean Roudo Gwo Dlo

Jean Roudo Gwo Dlo Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Jean Roudo Gwo Dlo, Sports et loisirs, Jérusalem, Saint-Marc.

25/03/2026

Charles Herold Jr félicitation gasonm

LIG AYISYÈN FOUTBÒL  Seri kloti Chanpyona Nasyonal laF**A 2-0 Baltimore SCF**A fè yon gwo deklarasyon lakay li nan kad s...
23/03/2026

LIG AYISYÈN FOUTBÒL

Seri kloti Chanpyona Nasyonal la
F**A 2-0 Baltimore SC
F**A fè yon gwo deklarasyon lakay li nan kad seri kloti chanpyona nasyonal la, aprè li ranpòte yon viktwa klè 2-0 kont Baltimore SC. Yon pèfòmans solid kote ekip la te byen òganize, efikas devan gòl, epi byen jere rit match la depi kòmansman jouk nan fen. Malgre nan 10 dènye minit yo ekip 4×4 la patka rive kreye sipriz,
RÉNEL CINEUS
SANDINHO SAINT-JEAN
De reyalizasyon sa yo pèmèt F**A asire twa (3) pwen enpòtan devan piblik li, pandan yo kontwole match la ak disiplin taktik.
Pou Baltimore SC, rezilta sa a make premye defèt pou antrenè Ernso Datus nan seri kloti chanpyona nasyonal la. Aprè bon kòmansman yo, ekip la pa rive kontinye sou dinamik viktwa yo te genyen aprè siksè 2-1 yo te anrejistre nan dèbi a kont Tempête.
Aprè 5 jounen konpetisyon, ekip 4×4 la rete ak 8 pwen nan klasman an, sa ki montre yon kòmansman relativman estab, men ki mande plis regilarite pou yo ka rete konpetitif nan tèt tablo a.
Viktwa sa a bay F**A plis konfyans pou rès konpetisyon an, pandan Baltimore SC ap gen pou fè ajisteman rapid pou retounen sou bon chemen an.
Seri kloti chanpyona nasyonal la ap vin pi entans chak jounen! "Tèks ekri pa ARNILUS Jean-Roudo pou AJR Média"

Champions League 8e de finale allerGalatasaray de Victor Osimhen bat 1-0 Liverpool de Mohamed Salah Retou a se pral nan ...
10/03/2026

Champions League 8e de finale aller

Galatasaray de Victor Osimhen bat 1-0 Liverpool de Mohamed Salah

Retou a se pral nan pays Angleterre nan Anfield la

LIG AYISYÈN FOUTBÒL RACING FC 1-0 TEMPÊTE FC Tempête FC tonbe 1-0 nan deplasman kont Racing FC des Gonaïves sou  Parc Vi...
07/03/2026

LIG AYISYÈN FOUTBÒL

RACING FC 1-0 TEMPÊTE FC

Tempête FC tonbe 1-0 nan deplasman kont Racing FC des Gonaïves sou Parc Vincent, nan kad 2e jounen Ligue Haïtienne de Football la.
Charles Bendji se inik makè gòl rankont lan depi nan 15e minit ⚽️, yon gòl ki te sifi pou bay Racing FC viktwa a devan piblik pa yo. Malgre plizyè tantativ Tempête FC fè pou yo retounen nan match la pandan rès pati a, yo pa t rive jwenn egalizasyon an.
Apre yon bon kòmansman nan chanpyona a kote yo te bat F**A 1-0 nan premye jounen an, ekip Tempête FC sibi premye defèt li nan seri a pandan 2e jounen an.
Chanpyona a toujou long, e ekip Senmakwa a ap chèche rebondi nan pwochen rankont li yo. ⚽🇭🇹

ARNILUS Jean-Roudo (AJR Média)

Malgre yon viktwa 3-0 nan Kan nou an, Barcelone pa arive kalifye pou final koup di wa, koz defèt nan match alea 4-0
03/03/2026

Malgre yon viktwa 3-0 nan Kan nou an, Barcelone pa arive kalifye pou final koup di wa, koz defèt nan match alea 4-0

Aprè Aston Villa Wolverhampton de Jean Ricner Bellegarde bat Liverpool nan 29e joune 1e lig la 2-1
03/03/2026

Aprè Aston Villa Wolverhampton de Jean Ricner Bellegarde bat Liverpool nan 29e joune 1e lig la
2-1

🚨 Rodrygo sera éloigné des terrains 6 à 7 mois !Rodrygo Goes s’est rompu le ligament croisé antérieur (ACL), selon MARCA...
03/03/2026

🚨 Rodrygo sera éloigné des terrains 6 à 7 mois !

Rodrygo Goes s’est rompu le ligament croisé antérieur (ACL), selon MARCA ❌
Cette blessure devrait le priver de la Coupe du Monde FIFA 2026 🇧🇷

🗣️ RODRYGO GOES pale nan Caze TV li di: « Pou mwen pa gen deba sou sa, Neymar Jr dwe ale nan Mondyal 2026 la. Nou konnen...
02/03/2026

🗣️ RODRYGO GOES pale nan Caze TV li di:

« Pou mwen pa gen deba sou sa, Neymar Jr dwe ale nan Mondyal 2026 la. Nou konnen li dwe anfòm e l ap prepare l pou sa… Se pap yon bon bagay si nou genyen san li, n ap bezwen l se enpòtan poul la» 🇧🇷

TEMPÊTE FC / F**A AC🔵⚪ Tempête FC lanse seri kloti Chanpyona Nasyonal la ak yon viktwa enpòtan devan F**A.Ekip Tempête F...
28/02/2026

TEMPÊTE FC / F**A AC

🔵⚪ Tempête FC lanse seri kloti Chanpyona Nasyonal la ak yon viktwa enpòtan devan F**A.
Ekip Tempête FC la fè yon bon antre nan seri kloti Chanpyona Nasyonal Lig Ayisyèn nan apre li ranpòte yon viktwa 2-1 kont F**A, Samedi sa a nan Parc Antoine Levelt, devan sipòtè fidèl li yo.
Match la te kòmanse ak anpil entansite kote vizitè yo, F**A te rive siprann defans Tempête la byen bonè gras ak yon gòl Saint Jean Sandinio ki ouvri mak la nan 15e minit jwèt la. Men reyaksyon ekip Senmakwa a pa t pran tan pou rive.
Atakan Orelus Boutros kise yon nouvo jwè Ekip ble e blan te fè vini pandan fenèt lig la te pran responsablite yo sou zepòl li pou remete ekip li a 3 premye pwen posib la. Li egalize nan 38e minit, anvan li retounen depi nan kòmansman dezyèm mitan an pou make dezyèm gòl li nan 46e minit, sa ki bay Tempête FC avantaj definitif la.
Malgre plizyè tantativ sou toude bò yo pandan rès rankont la, defans Tempête FC a te rete solid pou konsève avantaj la jiskaske kout siflè final la. Viktwa sa a bay ekip la twa premye pwen enpòtan nan seri kloti chanpyona a.
Rankont sa a te gen yon siyifikasyon espesyal tou, paske li make premye match ofisyèl Charles Herold Jr kòm nouvo antrenè Tempête FC pou seri kloti a. Nouvo teknisyen an kòmanse misyon li ak yon rezilta pozitif ki deja bay espwa ak konfyans bay fanatik klèb la.
Ligue Haïtienne de Football — Seri Kloti
🏟️ Parc Antoine Levelt
Tempête FC 2-1 F**A
⚽ Saint Jean Sandinio (15’) — F**A
⚽ Orelus Boutros (38’, 46’) — Tempête FC
Avèk viktwa sa a, Tempête FC voye yon mesaj klè bay advèsè li yo epi montre li pare pou jwe yon gwo konpetisyon. Sipòtè yo deja ap reve yon seri kloti ki chaje ak bon pèfòmans ak rezilta pozitif. 🔵⚪🔥

✍️ARNILUS Jean-Roudo

28/02/2026

Foutbòl Nasyonal!

Nouvèl sou ekip BALTIMORE SC la ak Paul Sauvens.
-AJR MÉDIA-

FOUTBÒL TRANSFÈ  Djouvens Rinvil rejwenn ekip F**A Djouvens Rinvil jèn jwè sa ki gen sèlman 15 zan ki jwe kòm milye ofan...
28/02/2026

FOUTBÒL TRANSFÈ

Djouvens Rinvil rejwenn ekip F**A

Djouvens Rinvil jèn jwè sa ki gen sèlman 15 zan ki jwe kòm milye ofansif li arive siyen anndan ekip F**A a
Se 1 nan pi bon rekritman ekip F**A ta fè pou 2 ème tou lig Ayisyèn foutbòl la

Selon nouvèl yo ti jèn nan fè deplasman ak F**A pou afwonte Tempête bèl kolonn nan premyè jounen lig Ayisyèn foutbòl la o parc Antoine Levelt

-AJR Média-

Adresse

Jérusalem
Saint-Marc
73051

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Jean Roudo Gwo Dlo publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager