04/10/2016
Bonjou tout Lean Backers nou yo.
Wi nou renmen sansasyon fò, wi nou renmen adrenalinn, men fas a katastwòf natirèl kankou siklòn Matye (Matthew) sèl sa nou ta dwe ap pratike se PRIDANS.
Tanpri veye kò nou ak moun ki pre nou. Abrite. Kite jounalis ak lòt pwofesyonèl ki gen bonjan antrennman a ekipman pou mache anba kondisyon sa yo pran foto ak videyo.
Ou menm ki sivil, chache abritew. Pa ret deyò.
Vijilans, Pridans.