09/01/2026
12 janvye 2026 ap fè 16 lane depi tè a te tranble…
Yon dat douloure kote nou te pèdi frè, sè, manman, papa, zanmi… anpil lavi te ale 😔
Mwen ta renmen , nou chanje tristès sa an aksyon jou sa ❤️
Paske peyi a ap fè fas ak aksidan chak jou, ensekirite, fanm k ap akouche, lopital k ap manke san…
Yon sèl gout san ka sove yon lavi.
Se pou sa Konbit San Pou San ap bay tout moun randevou :
📍 Otèl Karibe
🗓 12 janvye 2026
⏰ 9è nan maten – 4è nan apremidi
Mwen envite w vin bay san, vin pote espwa, vin fè diferans.
Jodi a se pou lòt moun, demen se ka pou ou.
Ann vini an mas! Ann sove lavi ansanm!
Denilson Adolphe Jason ✍🏾