09/09/2026
IJANS!
ÈNRI PRAL FETE 250 LANE EGZISTANS LI SAN LAJENÈS AK MEDYA LOKAL YO!
Ènri se yon komin depi anviwon yon 20tèn lane kap dirije pa prèske yon sèl gwoup lidè. Pou kèk pwen, Ènri vin gen yon rekonesans nasyonal ak kèk kote nan entènasyonal la pa rapò ak efò otorite sa yo te fè pou leve eskanp figi la sou plan ak kèk ,sa merite felisite👏👏! Men se pa sa ki deba a!
Men kisa lajenès 4 seksyon kominal yo benefisye?
Ki jan kolaborasyon la ye?
Jeneralman nou kapab di lajenès Ènri pa menm benefisye yon sant pwofesyonèl(siw twò fòme yo pap ka manipilew), alevwa pou yo ta benefisye pi gwo bagay. Olye de tande vwa lajenès,konprann nesesite yo,epi pote solisyon ,otorite yo chwazi mete yo de kote nan prèske tout sa kap fèt nan kominote a. Si pa malè ou ta jwenn kèk jèn ki kolabore ak otorite yo,se fanmiy oubyen jèn ki bliye sa yo VO ki chwazi fè tisousou(Peyi a di yap chache manje😅 ).
Pandan yo pa kreye aktivite pou kapab kenbe jenès la nan anbyans konvivyal la,lè jèn yo deside aji,yo mete gwo taks devan yo(san konnen kote kòb sa prale),oubyen yo bloke aktivite a.
Prèv la tèlman parèt klè ke moun sa yo pa sèvi ak jèn,pou fòme yon komite pou òganize 250 lane egzistans komin nan,lajenès pa prezan,biza🤭!
Konferans de près bay pou lanse festivite 250 lane komin nan,komite a pa envite okenn medya lokal,pandan yo ranmase anpil medya nan lòt vil pou vin kouvri aktivite a,biza(Ènri pa gen medya vre😅)!
Seksyon kominal yo menm se chak lè eleksyon yo konn sa ki rele wè oubyen tande pale yon otorite bò lakay yo(😔).
Angwo,250 lane komin nan pral fete san lajenès 4 seksyon yo,san medya lokal!
A sè mo je pe!