18/08/2024
Jodi a, Grace FC te fè fas ak Le Jardinier nan yon match ki te trè sere e ki fini ak yon defèt 1-0. ⚽️ Malgre rezilta a, medam Grace FC yo montre yon detèminasyon ak kapasite enpresyonan sou teren an. 💪 Chak jwèz te bay pi bon yo, sa montre ke ekip la ap fè gwo pwogrè. 🚀
Nou kontinye ap travay di pou nou rive nan objektif nou yo, e nou mande tout moun ki renmen ak sipòte Grace FC pou kontinye ankouraje ekip la jan yo kapab. 🙌 Sipò w ap ede nou grandi e simonte defi kap vini yo. 🌟
An'n vanse, Grace FC! 🔥