30/06/2025
🇭🇹✨ Komite Chanpyona ADF e HCDF di MÈSI ak entènasyonal U-17 nou an « MARC ARTHUR ALCIMÉ » ✨🇭🇹
Se ak fyète san limit Komite a te salye Marc Arthur ALCIMÉ 🙌🏿.
Ou pote mayo seleksyon U17 la ak tout kouraj ou, tout lanmou pou drapo nou an. Se pa sèlman foutbòl ou jwe — se tout yon nasyon ou leve kanpe! 🔥🏆
Jodi a, nou di w mèsi pou tout efò w, tout bèl enèji w ki fè drapo ble ak wouj 🇭🇹 nou an kontinye briye sou sèn entènasyonal.
Ou se modèl pou tout jèn ki reve, ki kwè, ki pa janm lage! ✊🏿
Kontinye ekri listwa, n ap toujou dèyè w! 💪🏿🇭🇹
📅 Randevou Qatar: 3-25 Novanm 2025!
Grenadye Alaso!! Drapo a pap janm bese!! 🔵🔴🔥
fans