24/08/2025
*Kondoleyans Ofisyèl Komite Egzekitif Sous Vedèt F.C (SVFC)*
Komite direktwa egzekitif Sous Vedèt Foutbòl Club *(SVFC)* ap pataje tout enèji li ak tout lanmou li ak fanmi *Hyacinthe Jhemsley*, ke anpil moun te konnen kòm *Blan Cilamène*, yon figi ki make foutbòl nan kominote Janrabèl la.
Nou vle tou salye tout ekip li te fè pati yo, espesyalman *Foul Fòs*, ansanm ak ansyen jwè li te konn jwe avèk yo.
Se vre ou pa t gen chans mete koulè Sous la sou ou ofisyèlman, menm jan ak *Wesby Desliens* ak *Maréus Jeanguyva*, men relasyon ou te gen ak Prezidan SVFC la (ki te kondisip ou) ak sipò w bay vizyon ekip la, se te yon prèv angajman ou.
Nou mande Bondye pou li leve ou pi wo, ba ou limyè, epi seche dlo nan je tout moun ki afekte pa ale ou. Pasaj ou sou tè Janrabèl la make istwa foutbòl la ak pozitivite.
Non ou ap toujou make nan kè fanatik yo, epi sou drapo ekip tankou: *Orizon, Tanpèt, Foul Fòs, grand collège Dynamique*, elatriye.
an pè_Blan_Cilamène.