14/03/2024
Mwen panse nou ta dwe o mwens sanse nan refleksyon nou yo, mwen pa pral di moun aplodi pawol yon gwoup moun ki vle ale sans inik nan kriz nou ye laaa. Men tou, kisa blan ofri nou depi plis pase san (100) lane ke enstabilite politik? Si nou pa ka idantifye vrè ènmi an, nou fek kare rekomanse.
Mwen panse nou nan pi bon moman an pou nou koupe fache ak blan ki toujou kreye pwoblem lan aprè poul pwopoze solisyon pou anfonse nou pi fon...
Nan moman sa nou pa dwe ap chache enterè yon ti gwoup nan pran dikte nan yon gwoup moun.
Pou sa blan fè nou, nou chwazi chita ak li, se pa Ayisyen ki fè yon bagay pou n paka chita ansanm ak li.
pa fè sanblan nou ka fè l san blan!