17/06/2026
CDM: 2026
Refleksyon E si nou ta tou pwofite Prepare retou nan Mondyal an 2030 ak 2034
Pandan anpil moun ap tann yon mirak kont Brezil ak Mawòk mwen menm kòm obsèvatè ak analist football, mwen gentan kite koze sa dèyè mwen, kounia la mwen gentan ap panse ak Lig Nasyon Konkakaf ki ap vini an Oktob ak Novanm 2026 ak Gold Cup 2027, ak elimininatwa Koup Dimond 2030
Paske Wi nou gen Ekip pou nou domine Zòn Konkakaf lan ak Jenerasyon sa men nou Poko pare pou nou fè tèt pou tèt ak gwo ekip ki sou pi gwo sèn Football Mondyal lan.
Mezanmi se pou nou reyalis,ann komanse prepare retou nou, pou 2030 ak 2034. La nou ap ka fè Tèt pou Tèt ak gwo Toro yo paske nou vinn yon abitye nan pi Gwo Randevou football lan nan seleksyon Ki se Koup Dimond.
Sa pa retire anyen sou valè Seleksyon sa ki fèm viv pi gwo rèv nan Vi m, mwen ki se yon tizè football ak yon pasyone football. Mwen te panse mwen ta p mouri mwen pap tap janm viv yon bagay konsa ki se Mondyal. Mwen te gade an 1998 jan Jamayiken yo te kontan. Ak 2006 jan Trinidadyen yo te kontan. Men 18 Novanm 2025 dat ki senbolize yon gwo jou nan listwa nou. Aprè match KostaRika ak Ondiras la mwen mande fanmi m ak zanmi football mwen yo Eske se nan yon rèv mwen ye. Tèlman mwen pa t ka kwè sa ki tap rive la.
Map fini refleksyon sa pou mwen di mèsi ak tout Grenadye yo depi nan kòmansman ki kontribiye ak fè rèv sa tounen yon Reyalite pou 12 milyon Ayisien ki an Ayiti ak 1 milyon ki epapiye Patou nan mond lan, men yon mèsi espesyal ak Jean Kevin Duverne ki te louvri la wout ak lòt Grenadye sa yo: Jean Ricner Bellegarde, Yassin Fortuné, Josué Casimir, Wilson Isidor, Dominique Simon ak Lenny Joseph pou mwen site sa yo Sèlman , mèsi pa wifi pou nou Grenadye.
Alasoooooooooo Ble e Wouj.
The JamesBake 🖌️