29/08/2026
Nou menm Ile de la Tortue Football Club [ITFC] salye tout foul moun ki te fè deplasman vin asiste gwo bout tonton match sa : ITFC anfas Kriminal. Pa bliye nou te bat Kriminal 2 a 1 nan faz de gwoup konpetisyon an. Yo te motive anpil pou te bat nou nan match ka de final sa.
Men gras a efò tout jwè yo, sipò fanatik ak esponsò yo epi vijilans dirijan yo nou te kraze plan an. Ekip la pa rive bat nan tan reglemantè a. Match la te fini 0 a 0. Kòm yo te oblije depataje n, nou te oblije al choute penal. Malerezman yo genyen n nan penal 5 a 4.
Pou premye patisipasyon nan Interzone, rive nan ka de final ki depataje sou pénalité, nou fyè anpil. Se yon gwo eksplwa.
N ap kontinye rete motive. Epi planifye pou pwochen etap la.
LATÒTI DEVAN!