03/11/2026
JÈNÈS AYISYÈN, SE NOU KI FÒS LA!
Se nou menm, jèn ayisyen yo, ki dwe leve kanpe pou defann diyite, souverènte ak avni peyi nou. Nou pa kapab kontinye rete an silans pandan n ap gade zak kriminèl ap detwi nasyon nou an.
Nou pa dwe janm bliye trajedi kote Prezidan Jovenel Moïse te asasinen anndan pwòp lakay li, nan yon zak ki te souke konsyans tout yon pèp. Se yon blesi ki rete ouvè nan listwa peyi nou.
Nou mande laverite, jistis ak responsablite. Nou pa dwe kite san okenn pitit peyi sa a koule pou granmesi. Kèlkeswa moun ki enplike, kèlkeswa pozisyon politik yo, pèsonn pa dwe pi wo pase lalwa.
Jènès ayisyèn, ann mete tèt nou ansanm! Se pa nan vyolans pou nou chèche chanjman, men nan konsyans, solidarite, kouraj ak yon angajman san fay pou jistis.
Ayiti bezwen yon jenerasyon ki pa pè pale, ki pa vann konsyans li e ki refize kite listwa repete.
SAN JOVENEL MOÏSE AK TOUT LÒT VIKTIM YO PAP KOULE POU GRANMESI!
VIV JÈNÈS AYISYÈN! VIV AYITI! 🇭🇹
SAN NOU PA BLIYE: TOUT AKTÈ KI TE PATISIPE EPI TOUT ATIS KI TE ITILISE ENFLIYANS YO POU YO TEKA FASILITE ZAK SAL SA A .SE YON WONT LI YE POU NASYON AN ,FOK PEP LA MACHE PRAN YO ,PAGEN DWA GEN YONN NAN POLITISYEN CHYEN SA YO NAN PEYI A