Bassin bleu FC

Bassin bleu FC Promouvoir le développement durable du football au sein de la société Bassinoises

Félicitations AS Beauchamp 🍾🍾
15/09/2025

Félicitations AS Beauchamp 🍾🍾

Bonjou, bonswa tout moun sa pwal depan de lè ou ap tonbe sou mesaj sa.Mardi kite 12 dawou ekip Basenble FC an te deplase...
14/08/2025

Bonjou, bonswa tout moun sa pwal depan de lè ou ap tonbe sou mesaj sa.

Mardi kite 12 dawou ekip Basenble FC an te deplase pou al jwe yon match 1/8 final sou pak Kapwa Lamò anfas ekip Criminal FC an, sete yon match kite chaje ak animasyon eke eskò final la tap rete ak Yon gòl a zero nan favè Basenble, gòl sa tap al kalifye ekip la dirèk pou prochen tou a kise 1/4 final.

Estaf kap jere ekip la profite okazyon sa pou di tout moun mèsi, yon mèsi espesyal ak zanmi nou yo ki nan entènasyonal la kou lokal

Fritz Philistin ( Radio BCI ) ki toujou prè pou ekip la
Mèsi ak majistra Dodo, Timal, Silveyon, Lovelie Jean, Meyi, Barvensky Louis XVI, Evens celicourt,
Yon Mèsi espesyal pou Clauvens, Jean Rodlet Jean Baptiste, Petit Thermonfils, Stanley Tanis, Marc Anold ( GPMAK TOG), Demidolph Julus, Marckolly, Alder, Gracia, Ti papa tiboukan, Manes ( Borlette Manou) Cliff, Kyky boutique, Ygensio Germinal, Yvens Germinal mesye mèsi anpil

Mèsi pou Cassy ki pa janm lage, mèsi pou tout ti machann anba mache an pou supò yo, chofè moto yo, Mèsi chak grenn nèg kap sakrifye tan yo enèji yo pou ekip la ka fè meyè de li menm, tout fanatik kap rele anmwe pou ekip la nou reprezante 12zyèm moun nan, mezanmi nou tèlman anpil Mw pap gen dwat poum ekri sim bliye nonw pa pran sa mal konnen ou nan kè nou🫶🏼 Basenble fyè de ou.

An pasan batay la apèn kòmanse objektif final la se pote trofe an nan komin nan, nou rete 3 match pou sa fèt ann kontinye mobilize batay la preske ganye.

Basenble FC 💙🤍💙🤍💙🤍💙🤍💙🤍💙

Retou sou kèk imaj ekip Basenble a nan 1/8 final kite mete anfas ak Kriminal
13/08/2025

Retou sou kèk imaj ekip Basenble a nan 1/8 final kite mete anfas ak Kriminal

Nou kalifye pou 1/8 final yo, ekip lan fini twazyèn nan poul laSete yon premye tou kite très konplike ak yon sèl viktwa ...
03/08/2025

Nou kalifye pou 1/8 final yo, ekip lan fini twazyèn nan poul la
Sete yon premye tou kite très konplike ak yon sèl viktwa sou 4 match menm ke nou pa pran defèt nan youn nan match sa yo

Malgre tou se kanmèm des bon rezilta, nou profite voye lanmou pou chak zanmi chak grenn fanatik kite chwazi kolabore, kontribye pou premye tou an mèsi pou efò nou fè.

Se yon batay ki pat fasil men nou simonte, nap antre nan faz kise eliminsyon dirèk yo, nap toujou lonje men nou ba ou nou pap sispann fèl ak volonté ou ka ede nou rive ou lwen

Faz sa mande anpil men, jan yo proverbe lan dil lan Men anpil chay pa lou Ebyen se ap toujou yon plezi pou nou jwenn sipòw.

Basenble 💙🤍💙🤍

25/07/2025

Mes publications ont obtenu plus de 300 réactions la semaine dernière. Merci à tout le monde pour votre soutien ! 🎉

Bonsoir tout fanatik ekip Basenble an Nou kontan vin anonsew mayo ekip lan pare ou ka plase kòmand ou pou pran paw la, p...
18/07/2025

Bonsoir tout fanatik ekip Basenble an

Nou kontan vin anonsew mayo ekip lan pare ou ka plase kòmand ou pou pran paw la, pou wal chofe ekip lan

Ak sèlman 1000 goud wap genyen youn, ht yon mayo se sipòte ekip lan, ou menm nan international la ou ka ht fè kado se yon mwayen pou patisipe nan pouse ekip lan po devan.

Nap kontinye kenbe objektif nou
16/07/2025

Nap kontinye kenbe objektif nou

Dezyem sòti FC Bassin bleu Yon match ki fini sou score 1-1 fas Full technique Ann reviv an image kòman sa te ye.Mèsi tou...
16/07/2025

Dezyem sòti FC Bassin bleu

Yon match ki fini sou score 1-1 fas Full technique

Ann reviv an image kòman sa te ye.

Mèsi tout moun pou sipò nap kontinye bay ekip lan, mèsi pou lanmou nou .

Indy dans les airs
09/07/2025

Indy dans les airs

09/07/2025
Ann reviv an Imaj premye match Basenble vs Legende Pak kapwa Lamò
09/07/2025

Ann reviv an Imaj premye match Basenble vs Legende

Pak kapwa Lamò

Adresse

Rue Archimede Beauvoir
Ti Port-de-Paix

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Bassin bleu FC publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager