29/08/2026
🇭🇹 LETTRE À LA POPULATION DE TERRIER-ROUGE
⚽ APPEL À LA SOLIDARITÉ POUR TFC
Chè popilasyon Tèrye-Wouj, fanatik foutbòl, jèn yo, komèsan, antreprenè ak tout moun ki renmen kominote a,
TFC (Terrier-Rouge Football Club) ap patisipe nan yon chanpyona nan Malfety. Malgre anpil difikilte, ekip la rive nan 1/4 final.
Pou TFC kapab jwe match sa a, ekip la bezwen peye yon frè patisipasyon ki se 25 000 goud.
Malerezman, ekip la poko gen tout lajan sa a.
Se poutèt sa nou fè yon apèl ak tout moun ki kapab ede.
⚽ TFC bezwen sipò kominote a!
Nou pa mande anpil. Chak moun kapab kontribye selon mwayen li.
- 10 moun × 2 500 goud = 25 000 goud
- 25 moun × 1 000 goud = 25 000 goud
- 50 moun × 500 goud = 25 000 goud
Menm yon ti kontribisyon kapab ede ekip la anpil.
TFC pa reprezante sèlman kèk jwè. TFC pote non ak koulè Tèrye-Wouj nan lòt kominote. Se jèn nou yo k ap jwe, se kominote nou an k ap reprezante.
Nou lanse apèl sa a bay fanatik yo, ansyen jwè yo, jèn yo, komèsan yo, antreprenè yo, òganizasyon sosyal yo ak tout moun ki renmen foutbòl ak Tèrye-Wouj.
Nou pa konnen ki rezilta match la ap bay, men nou vle bay jèn yo chans pou yo jwe li.
🎯 OBJEKTIF: 25 000 GOURD
📞 Pou kontribisyon oswa plis enfòmasyon: 3552-7453
Ann mete tèt nou ansanm pou TFC kapab jwe 1/4 final la.
⚽ TFC bezwen nou.
❤️ Jèn yo bezwen nou.
🇭🇹 Tèrye-Wouj bezwen solidarite nou.
ANN SIPÒTE TFC!
ANN BAY JÈN YO CHANS LAN!