01/01/2026
Anpil defi pou n leve.
1- Òganize eleksyon pou mwa fevriye a , nan sousi pou nou rann asosyasyon an plis lejitim ak dè lidè vizyonè.
Pou sa fèt fòk nou plis patisipe nan rankont yo.
Pou n mete tèt nou ansanm pou n fòme yon konsèy elektoral.
E m'ap pwofite ankouraje chak manb APSSM mete men nan pat la pou nou soti asosyasyon an nan soufrans li ye la.
Tan an kout , Men avèk anpil volonte n'ap rive plase yon Ekip ki plis dinamik .
Moman an rive pou APSSM gen yon nouvèl Ekip ki pral plis chita sou pwogrè ak chanjman .
Ke Bon Dye la vi a kontinye Pwoteje nou chak..
Ayibobo pou Ayiti.
Viv APSSM pou tout tan.
Eluscar wilner SG