24/08/2025
📊Analiz Match :
Manchester City vs Tottenham
1.Taktik
.Manchester City
.Fòmasyon: 1-4-1-4-1.
.Sou defans: pase nan yon 1-4-3-3 ak yon blòk wo.
.Sa kite anpil espas nan do defans lan, sitou dèyè latéral yo.
.Nan faz ofansif: City libere latéral dwat la kòm elektron lib; pafwa li rantre nan mitan teren an bò kote medyan defansif lan, pafwa li monte kòm 8
.Fè anpil konbinezon pou chèche brèch, men move pas nan dènye zòn yo limite yo anpil nan premye mitan.
•Tottenham
.Fòmasyon 1-4-3-3
.Pozisyone plis an blòk medyan, defann pa zòn, ak yon pressing entans.
.Ofansivman: yo jwe pi senp, pi dirèk, ak pase rapid devan.
.Soti balon: swa ak latéral goch la, swa ak long balon nan do defans City a, sitou dèyè latéral yo, gras ak elye ki fè anpil apèl.
.Mitan teren: plis konplémantarité , ak yon box-to-box ki bay ekip la projeksyon vè atak la
2.Teknik
•Manchester City
.Te gen balon plis, men desevan teknikman nan premye mitan an .
.Mank mobilite nan mitan jwè yo rann li difisil pou kase pressing Tottenham lan.
•Tottenham
.Pi trankil ak stab nan tranzisyon.
.Yo gen yon latéral goch, yon elye dwat, mitan tèren konplè ki te pote estabilite ak entansite.
.Pa yon ekip "super teknik" , men yo byen balanse.
3.Entèlijans de Jeu
•Tottenham te plis entans ak fizik nan pressing, sa rann City mal alèz nan premye mitan an.
•Manchester City te pasyan nan elaborasyon, men san ase varyasyon teknik pou dezekilibre blok Tottenham nan.
•2èm mitan: Guardiola fè 2 chanjman vit ( nan 10 premye minit).
.Jwè yo ki antre yo pi teknik ak mobil, sa pèmèt yo pase pressing Tottenham lan.
.City te vin pi alèz, pi angaje nan dyèl yo, ak plis mouvman ofansif.
•Tottenham, menm si li te pèdi enèji ak efikasite nan pressing apre, kenbe bon estrikti taktik li.
4.Evalyasyon Coach yo
•Pep Guardiola ( Manchester City)
.Te chèche kenbe yon blòk wo pou mete presyon, men te pran anpil risk ak espas dèyè latéral yo.
.1 er mitan: ekip li te manke teknik ak mobilite pou kontni pressing Tottenham.
.Ajisteman nan 2èm mitan ak chanjman yo te itil, men li poko jwenn yon 11tipik ki konplè fizikman.
• Thomas Frank( Tottenham)
.Gen yon plan ki byen anplas, ak plizyè fason pou soti balon.
.Sèvi ak fòs fizik, pressing entans, ak mitan tèren balanse pou domine.
.Trè solid taktikman, ekip lan parèt pi konplè ak pi klè nan vizyon li.
5.Jwè ki make diferans (Tottenham)
.Latéral goch: solid nan defans ak pwopoze ofansifman.
.Mitan tèren: konbatif, teknik, agresif, ak karaktè diferan ki pote ekilib.
.Elye dwat: mobil, abil, toujou aktif nan apèl de bal.
6.Konklizyon
Match la te gen yon entansité fizik, taktik, teknik, ak entèlijans elve.
•Tottenham: pi bon nan premye mitan an, merite plis rekonesans pou pressing ak fòs fizik li.
•Manchester City: malgre posede balon plis, li manke teknik ak mobilite nan 1er mitan, e chanjman Guardiola yo te nesesè pou redrese.
Fòs Tottenham: pressing entans, kapasite defann zòn, estabilite mitan
Fòs Manchester City: kapasite kenbe balon, men limite san varyasyon teknik pou kraze blok solid.