21/08/2026
Li se Dominique Dupuy, ansyen Minis Afè Etranjè Ayiti, yon fanm depi lontan k'ap goumen pou diyite pèp Ayisyen an, pou Ayisyen sispann pran imilyasyon nan lòt peyi epi pou lemonn konprann Ayiti se yon peyi ki merite respè menm jan ak tout lòt peyi.
Se youn nan moun mwen konnen ki pa janm mete dlo nan bouch li lè se enterè Ayiti l ap defann.
Men malerezman, nan peyi sa a, depi yon moun kòmanse pale twò fò pou Ayiti, sistèm nan jwenn yon fason pou mete moun sa a sou kote.
Jodi a, Dominique Dupuy deside pran yon lòt pozisyon pou li kontinye fè vwa li pase pou Ayiti. E mwen menm, mwen di: poukisa nou pa ta ba li yon chans?
Teriel Thelus, fè konnen Dominique Dupuy pa kapab dirije Ayiti paske li se yon fanm. Daprè TT, nan kondisyon peyi a ye a, yon fanm pa kapab fè anyen pou peyi li.
Men mwen gen yon kesyon pou Teriel Thelus:
Depi 1804, se gason k ap dirije peyi a. Èske jodi a peyi a ap byen fonksyone?
Pandan tout tan sa a, se gason ki te pran pouvwa a. Men pèp la toujou nan mizè, nan ensekirite, nan divizyon ak nan soufrans.
Kounya, poukisa nou pa kite pèp la pran chans ak yon fanm?
Mwen pa mande pèsonn vote pou Dominique Dupuy. Mwen mande sèlman pou nou sispann di “fanm pa kapab” dirije Ayiti.
Si Dominique bon, pèp la ap wè sa.
Si Dominique pa bon, pèp la ap wè sa tou.
Men se pèp Ayisyen an ki dwe deside.
Teriel Thelus, mwen konnen ou ka gen opinyon pa w. Men si yon jou eleksyon rive fèt nan peyi a, kite pèp Ayisyen an chwazi moun ki fè yo plezi.
Pa chwazi pou pèp la.
Pa di yon fanm pa kapab san li poko menm jwenn chans lan.
Pa retire espwa yon pèp ki deja pase twòp tan ap soufri.
Fanm yo te toujou la nan lavi Ayiti. Yo te batay, yo te sakrifye, yo te kenbe fanmi yo debou. 💪
Kounya, petèt li lè pou nou wè si youn nan yo kapab ede kenbe peyi a debou tou.
Mwen di: ann eseye.
Ayiti pa janm bay yon fanm menm chans li te bay gason yo pou dirije peyi a. Kounya, kite pèp la deside si li vle pran chans sa a.
🇭🇹 Pa jije Dominique Dupuy paske li se yon fanm. Jije li sou sa li ka fè pou Ayiti.
Pataje mesaj sa a pou li rive jwenn Teriel Thelus.
Abòne pou plis mesaj sou Ayiti. 🇭🇹