15/04/2026
*CHAMPIONNAT LA PAIX* nan Wobiya, pou 17yèm edisyon sa a, nou makonnen ansanm yon lòt fwa ankò pi sere ak tout dirijan, antrenè, jwè yo ak piblik la nan respè jwèt la, pou pote plezi nan kominote an, patisipe nan devlòpman kominote a, epi fè pwomosyon pou espò.
Nou envite tout moun vin dekouvri “poul” yo ansanm ak match ki pwograme yo. Nou pwomèt nou yon edisyon ki pral pote anpil sipriz ak bèl moman.
Nou swete tout ekip yo siksè, pandan n ap tann nou tout nan ouvèti chanpyona a, k ap fèt 14 jen, ak yon gwo match:
⚽ UNION FC de Carrefour des Pères vs Santos FC de Tovar
Ak La Suisse Infos, Kerley Graphics, Mèt Denis Jean-Jacques epi rès ekip la ak lòt medya yo, chak imaj ki pran, chak son, chak repriz ak done k ap bay sou Chanpyona pral sakre ak *LAPÈ*.
Vini a foul pou sipòte espò lakay!
SLOGAN: KORE LAKAY, BATI LAVNI
*EKIP KOMINIKASYON “CHAMPIONNAT LA PAIX”*