27/01/2026
⭕️ENFO | Depi plizyè jou, Police Nationale d'Haiti - PNH ap kontinye pran kèk zòn nan Pòtoprens,🇭🇹sitou anba lavil, aprè yon seri operasyon « gason pa kanpe ». Lapolis ki gen blennde avè yo, avèk sipò « Task Force » la, rive debloke divès wout bandi yo te mete barikad. Se ka pou Avni Magloire Amboise, riyèl Waag, pandan yap kontinye mete kontwòl sou Mache Salomon. Pandan operasyon deblokaj sa a, fòs lòd yo rive rantre nan riyèl Chavannes, zòn Radio Television Caraibes, ki te pratikman barikade epi abandone. Yon seri operasyon Premye minis Alix Didier Fils-Aimé ak Prezidan KPT a Laurent Saint-Cyr di yap sipòte. Nap raple, 2 otorite sa yo vizite avan yè, responsab yo nan Direksyon Depatmantal Lwès PNH la, epi wo eta majò Lame Dayiti nan katye jeneral yo, nan lide pou ankouraje yo nan batay yap mennen kont gang yo | Passion Info Plus
Crédits : Luckson Saint-Vil Journaliste