10/05/2026
⚽️ Lospinite FC Mombin-Crochu ap franchi yon nouvo etap !
Aprè plizyè ane dominasyon ak bèl pèfòmans ekip maskilen an, Lospinite FC deside pase nan yon lòt nivo pou kontinye devlope espò nan kominote a.
Nan lide pou bay plis jèn fi opòtinite pratike espò, espesyalman foutbòl, nou gen plezi anonse lansman ofisyèl ekip feminin Lospinite FC a. ⚽👩🏾🦱
Nou kwè espò kapab sèvi kòm yon zouti pou devlòpman, disiplin ak transfòmasyon sosyal. Se poutèt sa objektif nou se:
Ankouraje plis fi pratike foutbòl ;
Kontribye nan devlòpman kominote Mombin-Crochu ;
Epi ede kominote nou an genyen yon nouvo vizaj atravè espò.
Enskripsyon yo deja ouvè e yo totalman GRATIS !
Depi ou wè enfòmasyon sa a, ou kapab pase enskri , se gratis , ou p ap peye yon goud.
📞 Pou plis enfòmasyon, kontakte :
Leonel ST-PREUX : 3226-3109
Wanfritz-Ira JEAN-BAPTISTE : 3281-6310
Makendy BELOT : 4343-8390
Vin fè pati nouvo istwa sa a ansanm avèk nou !
Lospinite FC Mombin-Crochu, plis pase yon ekip, se yon vizyon pou lavni kominote a.