02/09/2026
KOUP MJC : EPJA FC KALIFYE
Aprè bèl Viktwa ekip EPJA FC a 2-0 fas ak ekip ASPC a pandan Week-end pase a nan koup Moïse Jean Charles la,yo jwenn biyè kalifikasyon yo pou 8ème de final gras ak Clarens Exil(Baby) e Bernard Tampa(Solo)ki te make pou yo nan rankont lan.
Pou kounya annatandan yo konnen a ki advèsè yo pral gen pou jwe nan faz sa 9 septanm kap vini la,Tout ekip la rete motive e kontinye ak seri de preparasyon yo,yon fason pou yo kapab kontinye rete nan konpetisyon an ki se pi gwo objektif ke yo genyen.
Nan sans sa Ekip la Pwofite mande fanatik li yo pou yo toujou rete kwè nan li,pandan yo menm yap kontinye travay pi plis chak jou pou kapab pote satisfaksyon lakay yo.
Yon EPJA ,Yon Lespwa.