28/08/2026
Òganizasyon politik Debloke-Ayiti kondane sak laterè popilasyon Kenskòf ap sibi depi kèk tan, sitou sak pase nan lannwit 23 pou louvri 24 dawout la.
sa pa k kontinye!
pandan sitwayen ap pèdi la vi yo,ap kouri kite kay yo,epi ap mande sekou,otorite yo pa montre volonte ak kapasite pou pwoteje yo.
Debloke-Ayiti lanse yon apèl ijan bay leta , òganizasyon imanitè yo ak tout aktè konsène yo pou pote sekou ak pwoteksyon bay moun Kenskòf yo epi pran tout mezi nesesè pou mete fen nan sak san parèy si la a.
Kenskòf bezwen aksyon ,se pa pwomès.