01/08/2020
Bonjour bonsoir!!!😁☺️
Zanmi m yo se ankor AJLAVH-Santé ki tounen lakay ou pou yon nouvo ribrik
Ki se MST ou IST.
(Maladi oubyen enfeksyon moun ka pran nan fè bagay)
Mèsi deja ak tout moun ki te renmen paj la e ki te abòne tout.
Map toujou envitew pataje koz gen lot moun ki ta renmen konnen tou
Bon annou regle sa nou vin regle a.
😁pral gen bagay wi la.
Pou n komanse.
An Haïti gen enfeksyon sam pral mete la yo plis repete.
Leucorrhee
Trichomonas
Chlamydia
Syphilis
Gonorrhée
HIV
Herpès
Map pral esplike nou yo an kreyol wi nou mèt poze nou.
Koman ou kapab pran enfeksyon sa yo? Ebyen zanmim yo se lè wal fè bagay san ou pa proteje🍆nan epi ou fouye nan bòbòt la,epi tou mezanmi tan modènize nou konn sa; pa vre?🤣🤣🤣🤣ebyen ou pranl lè wap fè ti bèf tou wi zanman m.
Wouy😣bòbòt pa bon ,koulout pa bon bouch pa bon🤦♀️....
Ann al gade e konprann avèm.
- # # Leucorrhee # #
Se yon ti likid transpran ki konn soti nan sòbèbè fi a .bòbòt la gen yon seri bakteri ki la pou proteje l de tout lòt vye bakteri se sak fè yo toujou di nou ke bòbòt la netwaye pou kont li medam nou pa bezwen fouye dwèt nou nan sòbèbè a souple😁😁😁😁mesaj a la nasyon🙈.
Ti likid sa nap pale a li pa gen sant,li pa bay gratèl li pa bay doulè.
Yo rele sa yon leucorrhee physiologique ".
Exp:si nou ale yon kote ki plen pousyè wap wè lèw rive la kay ou kilòt la ap mouye epi wap wè tras likid lan nan kulot ;lè sa ou pa malad se defansè a ki tap travay * ti bakteri a*.
Aprè menopoz fi a li konn gen ti ekoulman tou.
Lè fi a ap sèvi ak tròp prodwi chimik nan bòbòt la li konn gen ekoulman tou sak konn fè nati bòbòt la chanje.
Men si ou wè likid sa li jon,krèm,gri, si li gen ti sant,li baw gratèl ,doulè anba ti vant ,lè wap p**i kanal ou brilew konnen ke se yon enfeksyon.Lè sa leucorrhee a vin patologik.
NB:depi w gen gratèl menm siw pa gen ekoulman se toujou menm enfeksyon an.
Siw pa konpran poze kesyon nou la pou sa mes amours.
# # Trichomonas # #:
Se yon enfeksyon ki chita nan bouboun nan ni koulout mesye yo tou.
Se yon parazit ke li ye."taleu a nou tap pale de bakteri kounya se parazit"☺️
Nou konn sa parazit ye timoun?moun tout o tan ou pa bal li pap ka itil tèt li anyen an🙈🙈🙈pa banm kou selman
Nou ka pranl nan fè bagay nan devan, dèyè ak nan bouch pi souvan lèw genyen l ou konn pa santi anyen men li konn fè bòbòt la boulew li konn anfle blad p**i a tou sa yo rele "vessie "a,li konn anfle testicule yo sa nou rele boul grenn nan e anfen li grosi postat yo tou ti mesye.
Li fasil poul trete men moun ki konsène a dwe toujou sou siveyans medikal poul pa reenfekte.
# # Chlamydia # #
Li menm se yon bakteri ki soumoun anpil se premye bakteri ki koz enfeksyon kay ni fanm ni gason ke moun ka pran nan fè bagay.Ou plis jwenn li kay jènjan ak jènfi yo,li pa gen sentom li jis pozel poul anfle ou grosi aparèy la sa konn rann moun lan "stérile" sa vle di li pa ka fè pitit pou lontan.
Sak sove nou sè ke gen tretman pou li.Men ou ka reenfekte siw wap fè neglijans donk mete KAPÒT epi depiste tout o tan ou kapab se ap mèyè solisyon an.🧘♂️🧘♀️🧘♂️🧘♀️
# # Syphilis # #
Se yon enfeksyon men jan ak tout lot yo ou pran l nan fè bagay sevre men gen stad ou rive li leve sou tout kòw telman li bay bouton gratèl.Li ap fè anpil ravaje nan mond lan.Bakteri ki bay li a rele # # treponème pâle # # li trè atrapan nou plis jwenn li kay omoseksyèl yo bakteri sa ka touye moun lan sil pa trete e si moun ki genyen l lan ansent timoun lan ka pran enfeksyon an pandan akouchman.Sak pi di nan istwa tretman pa fasil ditou fok moun lan gen anvi viv pou l pèsevere nan tretman sa.Nan ka sa timoun proteje tèt nou mw repete proteje tèt nou.
# # Gonocoque: # #
Se yon bakteri ki chita pi souvan nan ògann jenital yo.Jèm sa ou ka pran pandan wap fè bagay.Li menm li chita nan tèt irèt la;irèt la se yon ti tiyo ki lye vesi a ak kote p**i an soti a # # méat urinaire # # nan ka sa li anfle irèt la,yo rele maladi sa blenorragie kay gason lèw peze peni an li fè mal anpil e li gen yon likid krèm ou jòn kap soti ladanl epi Gonorrhée kay fi.Li konn anfle vagin ki se anndan bòbòt fi li konn anfle vulve la tou sa nou ka e touche a.Gras a Dye ki ouvri zye syantifik yo li ka trete mezanmi.
# # Herpès # #
Se yon enfeksyon ki kouran nan mond lan an jeneral ki trè atrapan moun ki gen 15 a 49 ane yo pi konsène pa maladi sa.Men li manifeste plis kay timoun ke granmoun anvan menm ke yo komanse nan fè bagay.Se yon malafi ki frajil ou ka genyen l epi ou pa menm konnen paske pi souvan li pa gen sentom li konn bay bouton ki gen yon ti dlo ou byen ki gen yon ti jèm ladanl ki leve nan pati jenital la ou nan bouch tou dèyè moun lan.Manman konn bay timoun nan li pandan akouchman men li trè difisil sa konn rann ti moun nan mouri tou..
Si patnèw la enfekte li posib pouw enfekte tou.
NB:si moun lan te deja gen SIDA li vin pi riske lè li pran herpès la koz sistèm li te gentan ba.
# # Condylomes # #
Se yon enfeksyon li ye tou li leve tankou yon ekip ti bouton ki gen yon fòm flè ki antoure bouch bouboun nan kò bouboun e bouch tou dèyè moun lan se menm fanmi ak chlamydia li paske li bouche vwa jenital yo tou.li fè moun paka fè pitit tou.Li leve nan bouch moun tou li antoure tout po bouch la nèt li kronik et atrapan.
# # HIV # #
Nou tout gen yon ide de li deja alò se sam panse.
Se yon virus ke li ye li menm,li febli sistem nan tout saw te ka genyen kom rezèv pou ranfòse sistèm lan li manje yo.ou ka pranl nan fè bagay ,ou ka pranl nan objè ki deja sèvis pa yon moun ki gen viris la nan sanl ki pa sterilize kontak ak san ki moun ki genyenl ,nan ti bèf osi.Ou ka fè 10 ane avel san ou pa janm gen malèz lè komanse santi malèz yo konn sa se dènye faz viris la.90% chans pou w pran l nan fè bagay.
Ti grafonyen yo depi pow dekale ou pa konn ak kiyès ou pral fwote nan lari a mete yon ti pansman sou li dèfwa se konsa moun pranl,lè yo violew pa pran tan al depiste lap bon pou ou,lè gen plizyè patnè ou riske pranl,lè wap chill ak prostitué (es) ou espoze tou. Viris la se nan san li viv pa manyen okun san ak men nou ki se san manmanw papaw mariw madanm ou ect....
Pati sa anpil mjus fè rezume a
NB:lave kulòt yo byen medanm toujou chode,fè twalèt nou ak dlo trete....
Si gen yon bagay ou ta renmen konnen kem pa mete kite l komantè a nap reponn ou.
Gen lòt ankor mw jus mete sak pi frekan yo nan yon lot ribrik nou ka pale de rès yo.
Sete AJLAVH-SANTÉ ki dispoze pou sèviw.
Ankourajen nou nan like yo nan pataj yo.ak ti ikòn sa👍
Sa ap fè nou plezi 😘😘😘😘nou renmen nou anpil😘😘😘😘