24/08/2026
DURMONÉ #7 🇭🇹💪🏾,MÈYÈ JWÉ CFU14 CHALLENGE LAN ,TOUT MOUN AP PALE DE LI AN.
Dumorné Wensley, (li gen Yon Ti non gate KiKi) se timoun Wanament, ki fòme nan youn nan pi gro Klèb fòmatè nan depatman Nò an ki se D’Haïti🟢⚫️ .
Li se Yon jwè ki entelijan anpil ,ki li jwet lan byen E ki gen Yon stil foutbòl ki ekstraòdinè anpil .
Coach Sousou (Hugues Victor) te fè chwa de li pou voye l nan staj deteksyon U-14 la paske l te kwè anpil nan talan li.
Li rive nan staj la li enpoze l E rive pote nimero 7 nan seleksyon Ayiti U-14 la ki tal jwe CFU challenge lan nan peyi Repiblik Dominikèn 🇩🇴.
Li sete pami youn nan jwè Kle Ekip la te konte sou li ,nan deklarasyon li li te di : Yo pa vinn pou plezante ,yo la yo vinn chanpyon .
Nan demifinal li meyè jwè epi te make 2 gòl , Li make 2 gòl ankò nan final la fas Jamayik 🇯🇲 epi pèmèt Jèn Grenadye Yo chanpyon chanpyona an.
LI SE MEYÉ JWÈ CFU14 CHALLENGE SERIES LAN .(Trofe Best Player🌟🏆)
D’HAÏTI FYÈ DE LI ANPIL 💪🏾🇭🇹🏆
Mercure D'Haïti Officiel Fédération Haïtienne de Football