Barca Nation Haïti

Barca Nation Haïti Byenveni sou Barça Nation Haïti! Nouvèl, analiz, ak diskisyon sou Barça. Bienvenue sur Barça Nation Haïti ! Actus, analyses, et discussions sur le Barça.

Welcome to Barça Nation Haiti! News, analysis, and Barça discussions.

Gavi pap janm chanje 😂  ,     ,  ̈ti
10/26/2024

Gavi pap janm chanje 😂
, , ̈ti

Viktwa pou Culers yo 🔥. Vamos 💙❤️  ,   ,
10/26/2024

Viktwa pou Culers yo 🔥. Vamos 💙❤️
, ,

Vamos 💙❤️  ,   ,  ̈ti ,
10/26/2024

Vamos 💙❤️
, , ̈ti ,

Jwè ki seleksyone pou klasiko an. ̈ti ,   ,   ,
10/26/2024

Jwè ki seleksyone pou klasiko an.
̈ti , , ,

🎙 Konferans de pres Hansi Flick anvan match demen an :« Nou gen pwòp sistèm nou. Mwen te di sa pou Bayern e li nesesè po...
10/26/2024

🎙 Konferans de pres Hansi Flick anvan match demen an :

« Nou gen pwòp sistèm nou. Mwen te di sa pou Bayern e li nesesè pou adapte nou a chak match. Nou te fè sa nan match ki te pase yo e n ap fè li ak Madrid, ki se yon ekip ak jwè ki trè vit... Men mwen gen konfyans total nan ekip mwen an. »

« Kisa sa vle di pou mwen jwe premye Clasico mwen an? Pou m' onèt, mwen pa panse sou sa anpil. Objektif mwen se prepare ekip la pafètman. Jwè yo motive pou jwe match la, e mwen menm tou. Sa ap yon bèl rankont. »

« Nou pa ka chanje jou repo yo. Yo te jwe madi e nou te jwe mercredi e se konsa sa ye. Lè nou te gen de jou repo anvan, jwè yo te jwe byen tou. »

« Nou gen ide pa nou. Kont Bayern, nou reyalize kote nou dwe amelyore. »

« Mwen poko gen onz mwen an. »

« Anpil antrenè ap fè atansyon sou kantite fwa nou kite advèsè nou yo nan pozisyon ofsay. Se filozofi nou. Nou dwe fè pi byen pase mercredi. »

« Tout moun ap kouri nan maksimòm yo, y ap soutni youn lòt, sa se pi enpòtan. Yo konnen lè yo ini, sa se pi gwo fòs nou. »

« Cubarsí gen anvi pou l' vin pi bon, pou l' antrene di, pou l' atenn nivo ki pi wo. Menm jan ak tout ekip la. »

« Madrid ap pare pou match la... Men nou menm tou. »

« Nou p ap fè sa (videyo ki kritike jij la). Jij yo gen yon travay difisil e mwen pa janm gen pwoblèm avè yo paske mwen di jwè mwen yo pou yo panse sou travay yo, pa sou jij yo. »

« Kote Lamine ta dwe amelyore? Lamine ap jwe trè byen e li fè yon bèl pèfòmans kont Bayern. Li te gen pou l' kenbe Davies, e li reyalize sa. Li te fè yon bon itilizasyon espas la tou. Se yon jwè ekstraòdinè ak boul la, e dapre sa mwen tande nan Minik, yo sezi ak sa Lamine ap fè. Sa bon. »

« Lamine Yamal? Mwen toujou pale ak jwè yo. Li ap fè trè byen, men Cubarsi gen 17 an tou. Nou bezwen tout moun ak pi bon pèfòmans pou demen. »

« An Alman, gen yon Klassiker tou, men sa a se vre Clásico a. »

« Lwanj yo? Sa bon men finalman mwen konnen ki travay mwen. Tout bagay baze sou rezilta e lè ou pa genyen, sa pa twò agreyab. »

Byenveni sou Barça Nation Haïti! M'ap kontan pataje avèk nou tout nouvèl ak analiz sou FC Barcelone. Paj sa a la pou tou...
10/25/2024

Byenveni sou Barça Nation Haïti! M'ap kontan pataje avèk nou tout nouvèl ak analiz sou FC Barcelone. Paj sa a la pou tout fan Barça ki vle rete enfòme! Tanpri, suiv paj la pou pataje pasyon nou ansanm!☺️💙❤️

Address

Toronto, ON

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Barca Nation Haïti posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to Barca Nation Haïti:

Featured

Share

Category